Accessibility links

Breaking News

Vedèt Tenis Naomi Osaka ap Mande: Sak Pase Peng Shuai?


Foto Achiv: Naomi Osaka, ki jwe tenis pou Japon, reyaji pandan yon match ka de final nan Miami, Florid, 31 Mas 2021.
Foto Achiv: Naomi Osaka, ki jwe tenis pou Japon, reyaji pandan yon match ka de final nan Miami, Florid, 31 Mas 2021.

Vedèt tenis Naomi Osaka, ki mwatye Japonez, mwatye Ayisyèn, deklare li byen sezi tande kanmarad tenis li pa di krik depi li lanse akizasyon abi seksyèl kont yon ansyen responsab wo plase gouvènman Chinwa a.


Osaka, ki ranpòte gran chelèm nan 4 fwa deja, pote kole ak lot moun kap mande: Sak pase Peng Shuai? gen lòt jwè tenis - pami yo nimewo un mondyal maskilen an Novak Djokovic, ak oganizatè tounwa pwofesyonèl maskilen ak feminen yo ki lanse apèl pou yo mennen ankèt a fon sou akizasyon Peng lanse a. Mamzèl te ranpòte Chanpyona Gran Chelèm doub la 2 fwa.

Peng te pibliye yon mesaj sou rezo sosyal yo pi bonè nan mwad Novanm nan pou di ansyen vis premye minis la te egzije li gen relasyon seksyèl avè'l malgre li te bay misye refi plizyè fwa. Mesaj la te disparèt sou kont verifye Weibo li a. (Weibo se vèsyon Chinwa Twitter, e li popilè a mò ak Chinwa yo.

XS
SM
MD
LG