Accessibility links

Breaking News

Vedèt Mizik ak Sinema Olivia Newton-John Mouri a Laj 73 zan


Foto Achiv: Aktris e chantez Olivia Newton-John nan Los Angeles, 27 Janvye 2018.
Foto Achiv: Aktris e chantez Olivia Newton-John nan Los Angeles, 27 Janvye 2018.

Olivia Newton-John, yon gwo vedèt ki ranpòte plizyè Pri Grammy e ki te reye pami pi bon yo nan domèn pop, country, kontanporen ak mizik dans, mouri a laj de 73 an. Pami hit li yo nou jwenn "Physical" epi "You're the One That I Want."

Newton-John se moun peyi Ostrali e li te vann plis pase 100 milyon albòm. Fanatik yo te tonbe damou pou li tou lè li te jwe wòl Sandy nan film popilè "Grease".

XS
SM
MD
LG