Accessibility links

Breaking News

Enpòtans Chokola Pandan Sen Valenten an - Jounen 14 Fevriye a


Pakistan Valentine Ban
Pakistan Valentine Ban

Mèkredi 14 fevriye a se Jou Sen Valanten ou Jou Amore ak Anmorèz yo, swa yon jou kote moun ki renmen yo --se pa nesesèman yon renmen womantik, yon renmen anmore-amorez non- donk, se jou kote moun ki gen bon jan santiman nan ke yo pou yon lòt, itilize kèk senbòl ki sèvi istorikman pou eksprime lanmou pou yo raple moun ki chè pou yo ke yo okipe yon plas espesyal nan kè yo.

Le pli souvan --an tou ka nan peyi oksidantal yo-- senbòl moun itilize pouyo eksprime santiman damou yo se kat-de-souwè, se flè, se kado ki senbolize lenmou; e 90 fwa sou 100 (si se pa 100 fwa sou 100 fwa) senbòl ki sèvi pou fè jès sa a se: sirèt chokola, se bonbon chokolo, se chokola tou kou.

Gen on chante espayòl ki gen pou tit

"Amor se dice con chocolate", sa vle di "se ak chokola ou di yon moun ou renmen n", "se ak chokola ou fè yon deklarasyon damour."

Valentine Day - Jounen Sen Valenten
Valentine Day - Jounen Sen Valenten

Ozetazini, boutik ki pi ansyen kote yo prepare e vann chokola tou espesyalman pou Jounen Sen Valanten an rele True Treats Historic Candy oubyen "Vrè Boutik Istorik pou Kado Chokola", e ou jwenn boutik sa a nan yon ti vil ki rele "Harper’s Ferry” nan Eta Vijini Oksidantal, a lwès vil Washington DC.

Nan boutik sa a ou kapab jwenn kantite chocoka ou vle e se pa nenpòt ki tip chokola; gen plizyè varyete e chak tip te popilè anpil nan yon epòk done depi 1806, ane kote bouitik la te ouvè pòt li pou la premyè fwa. Egal, nou wè se pa jodi a lòm ap sèvi ak chokola pou l di la femme li renmen li.

Pou nou kore pawòl kòmkwa se pa jodi a yon gason ap itilize chokola pou l eksprime santiman damou li pou yon fi, nap rapòte deklarasyon Angela Hoofman, yon kliyan boutik Harper’s Ferry, nan Vijini Oksidantal, di nou kijan li renmen li dokiman ki pale de evolisyon istwa chakola kòm senbòl lanmou atravè lèzane.

" Mwen panse se yon plezi pou yon moun swiv, atravè lèzane, progresyon diferan tip chokola yo, pwogresyon diferan tip bonbon chokola yo…"

Kèk kliyan ki abitye achte chokola nan boutik la devlope pou kèk kalite chokola yon gou, yon abitid ki refize mouri. Se konsa, pa egzanp, Emmanuel Montenegro toujou achte menm tip chokola a chak ane depi plis pase 10 zan. Men eksplikasyon misye bay:

" Mwen gen enpresyon premye fwa m te wè tip chokola sa a isit la se gen 18 tan konsa. Epi jodi a ankò mwen wè l la a. Eske m ka achte li...?"

Bev Soriano --ki rann temwayaj sou feblès li genyen pou chokola-- se yon kliyan boutik la tou; lii fè konnen li pase tout vi l ap frekante menm boutik la:

" Mwen te vin isit la pou lapremyè fwa lè m te timoun. Egal sa ban m anpil nostalji. Men mwen trouve sa dwòl, paske se pa yon kote m vini tout tan. Malgre sa, depi m wèl, li reveye anpil souvni nan lespri mwen.

Bev Soriano rekonèt li pa ka pase yon Jounen Sen Valentin san l pa achte chokola…. Paske, dapre sa l di, si l kite okazyon an pase, lap oblije ret tann 12 mwa ankò --tout yon ane-- pou l reviv kòmsadwa jounen espesyal sa a. Paske daprè li e daprè anpil nan nou tou, anmoure, anmorez, Valenten, Valentin, se ak chokola ou di yon moun ou renmen li; se ak chokola yon di yon moun ou damou li; se ak chokola ou fè yon deklarasyon damou.

Bòn fèt Sen Valenten tout moun.

XS
SM
MD
LG