Accessibility links

Breaking News

Vòlkan Mauna Loa Antre an Eripsyon nan Hawaii


Volkan Mauna Loa, ki sitye sou Big Island (Gwo Zile) Hawaii la, Lendi 28 Nov. 2022.
Volkan Mauna Loa, ki sitye sou Big Island (Gwo Zile) Hawaii la, Lendi 28 Nov. 2022.

Vòlkan Mauna Loa, sou zile Hawaii, ki se vòlkan pi aktiv nan mond lan antre an eripsyon. Vòlkan an voye sann ak debri pasi pala nan zòn kote li sitye a.

Ajans Jeyolojik Etazini an di eripsyon an tanmen ta Dimanch swa sou morn kote vòlkan an sitye sou Big Island (Gwo Zile) ki se youn nan zile achipel Hawaii la.

Bone Lendi, lav te kòmanse koule ozalantou tet morn nan. Otorite yo di kominote nan zòn nan pa menase pou kounyea.

Ajans jeyolojik la lanse avetisman bay sitwayen ki taka menase pa lav vòlkan Mauna Loa yo pou yo revize preparasyon yo dwe fe nan ka eripsyon.

Savan yo tap veye vòlkan an akoz seri tranblemannte ki te frape tet morn kote vòlkan an sitye.

Denye fwa vòlkan sa a te antre an eripsyon sete nan ane 1984.

XS
SM
MD
LG