Accessibility links

Breaking News

Lamezon Blanch Admèt Te Gen yon Erè nan Jan li Tap Jere Dosye Akizasyon yon Ed-de Kam li


Ed-de-kan Prezidan Donald Trump, Rob Porter (R). Foto: 2 fevriye 2018.
Ed-de-kan Prezidan Donald Trump, Rob Porter (R). Foto: 2 fevriye 2018.

La Mezon Blanch ap fè fas jodi jedi 8 fevriye 2018 la ak kesyon pou konnen poukisa li te kontinye mentni kòm anplwaye yon gwo èd-de-kan Prezidan Donald Trump pat rive pase egzamen pou otorizasyon sekirite.

Rezon an, sèke 2 ansyen madan-marye li te deklare bay kèk anketè yo te sibi zak abi fizik e mantal anba men li pandan relasyon yo avèk li.

Ed-de-kan Rob Porter bay demisyon li yè mèkredi 7 fevriye a apre yon foto fin fè sifas pou montre premye madanm li, Colbie Holderness, ak yon gwo mak nwa anba zye li.

Madam Holderness di li te resevwa mak nwa sa a lè Rob Porter te bali yon gwo kout pwen nan figi an 2005 pandan koup- a ta prale nan vil Florence, an Itali. Mesye Porter, ki te diplome kòm avoka nan Universite Harvard, tap okipe wòl sekretè pèsonèl nan Lamezon Blanch.

XS
SM
MD
LG