Accessibility links

Breaking News

Etazini Anvizaje Mete Restriksyon sou Komès Petwòl Peyi Venezuela Dapre Rex Tillerson


Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson pandan yon konferans nan Palè Sen Maten an nan Buenos Aires
Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson pandan yon konferans nan Palè Sen Maten an nan Buenos Aires

Sekretè deta ameriken Rex Tillerson di Lèzetazini ap anvizaje posiblite pou mete restriksyon sou lavant petwòl ela nan yon tantativ pou mete presyon sou gouvènman prezidan Nicolas Maduro a.

Pandan yon vizit mesye Tillerson fè nan peyi Arjantinn dimanch 4 fevriye 2018 la, li soulve posiblite pou mete sanksyon sa a anplas nan moman li tap rankontre ak lidè ajanten yo.

Se yon mwayen tou, dapre sekretè deta ameriken an pou fòse Karakas mete sou pye yon eleksyon. lib e onèt nan peyi a.

XS
SM
MD
LG