Accessibility links

Breaking News

Washington Anvizaje yon Repons Militè Kont Damas pou Atak ak Zam Chimik sou Pèp Siryen an


Yon timoun nan Siri yap eseye sove anba efè zam chimik la,
Yon timoun nan Siri yap eseye sove anba efè zam chimik la,

Lamezon Blanch fè konnen Prezidan Donald Trump ap anvizaje posiblite pou l lanse yon atak ak misil kont Siri pami plizyè opsyon reprezay li genyen nan kad swadizan ofansiv ak zam chimik yo lage sou do sòlda siryen yo.

Responsab gouvènmantal ak analis isit Washington di moun atann yo aske yon kowalisyon Etazini ap dirije tanmen yon atak militè kont rejim Damas la nan jou kap vin la yo. Pòtpawòl Lamezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, "Jis paske prezidan an poze yon aksyon, sa pa vle di li pa an mezi pou l fè anpil lòt anmètan.

Madam Huckabee Sanders kontinye pou l di: Tout opsyon yo toujou anba revizyon. Sekretè defans Etazini an, Jim Mattis, te twouve l nan Lamezon blanch mèkredi 11 avril 2018 la, nan moman vis prezidan Mike Pence te konvoke ekip sekirite nasyonal prezidan an pou anvizaje fason pou itilize lafòs kont prezidan Bashar Al-Assad.

XS
SM
MD
LG