Accessibility links

Breaking News

Somè ant Etazini ak Kore di Nò a Kapab Fèt nan Mwa Jen Pwochen an

Yon bandwòl ki afiche nan Sewoul, Kore di Sid nan kad pwomosyon pou somè a e ki montre Prezidan ameriken an Donald Trump, adwat, Prezidan sidkoreyen an Moon Jae-in, nan mitan, ak lidè nòkoreyen an Kim Jong Un, agoch. Foto : AP/Ahn Young-27 avril 2018.

Somè sou denikleyarizasyon prèskil koreyen an ant Prezidan Donald Trump ak li dè Kore di Nò a,Kim Jong-un kapab dewoule an jen pwochen Singapour dapre sa ajans nouvèl yo nan Kore di Sid rapòte.

Prezidan Trump, ki t ap bay yon konferans pou laprès lendi 30 avril la pase a, te deklare li t ap "enteresan" pou l rankontre ak lidè Kore di Nò, Kim Jong Un, nan Zòn Demilitarize a. Mesye Trump te fè deklarasyon sa a kèk èdtan aprè li te poste yon tweet kote li te di li ta renmen fè somè a ak Mesye Kim nan "Mezon Lapè a/Mezon Libète a" ki sou fwontyè ant 2 Kore yo.. Prezidan ameriken an di:

"N ap konsidere plizyè peyi -pami yo gen Sengapou; epi n ap pale tou de Zòn Demilitarize a kòm yon posiblite. "

Menm si Prezidan Trump pa nonmen avek presizyon non okenn lòt peyi apa Sengapou ak Zòn Demilitarize a, li te deklare: "Bòn nouvèl la sè ke tout moun ta renmen nou fè rankont la lakay yo."

XS
SM
MD
LG