Lèzetazini bay yon bèl demonstrasyon sou kokenn kapasite militè li posede pou fè Kore di Nò wè ak 2 zye sal peze, nan moman Prezidan Donald Trump ap poze tèt li kesyon pou detèmine si wi ou non li dwe pran aksyon militè kont rejim Pyogyang nan.
Avyon bonbadye supèsonik ameriken, pote kole ak aparèy japonè e sid koreyen ki tonbe nan menm kategori a pou fè bay yon parad gran panpan, kote yo tire misil nan direksyon kot wès ak kot lès penensil koreyen an. Egzèsis militè sa yo dewoule tou nan moman Prezidan Trump tap rankontre ak ansyen sekretè deta Henry Kissinger e kèk konseye Lamezon Blanch. Se nan moman sa a, li te abòde dosye Kore di Nò a. Prezidan Trump di :
"Nou sou yon move pant la a, tout sa ou gen pou fè, se jete yon kou dèy sou sa. Si nou pran 25 kan ki sot pase yo an konsiderasyon anba plizyè administrasyon amerikèn, nou te sou wout yon gwo pwoblèm, yon pwoblèm lemond pat janm konfwonte anvan sa, nou sou bon chemen an kounye a, kwè m si ou vle."
Deklarasyon lokatè Mezon Blanch la entènvi apre plizyè semèn pale anpil ant limenm ak lidè nò koreyen an, Kim Jung Un, kote Prezidan Trump te menm menase pou l detwi Kore di Nò rapyetè.