Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Pa Poze Okken Kondisyon pou Pwoche Somè Lidè li a ak Prezidan Ameriken an


 Sou ekran televizyon ki nan foto a, moun kapab wè Prezidan ameriken an, Donald Trmp, agoch, Prezidan Sid Koreyen an Moo Jae-In, nan mitan, ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.
Sou ekran televizyon ki nan foto a, moun kapab wè Prezidan ameriken an, Donald Trmp, agoch, Prezidan Sid Koreyen an Moo Jae-In, nan mitan, ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Prezidan Kore du sid la, Moo Jae-In, fè konnen Kore di Nò pa poze okenn kondisyon pou somè ki pral dewoule ant lidè Kim Jong Un , limenm ak Prezidan ameriken Donald Trump konsènan nesesite pou entèdi zan nikleyè sou pensil Kore a.

Mesye Moon deklare bay yon seri PDG antrepriz nan Sewoul jedi 19 avril la:

"Pyongyang pa fè okenn egzijans Etazini kapab twouve inakseptab, tankou retrè sòlda ameriken sou teritwa sid koreyen. Prezidan Kore di sid la kontinye pou l di, yo sèlman pale sou politik ostil Washington mete an aplikasyon kont Kore di nò."

XS
SM
MD
LG