Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la Kontinye Reyaji Sou Sitiyasyon an nan Libi


Sitwayen nan Libi ki ap montre sipò yo bay lidè yo Muammar Gadhafi
Sitwayen nan Libi ki ap montre sipò yo bay lidè yo Muammar Gadhafi

Lezetazini voye 2 bato anfibi ki kapab franchi kanal de Suez la nan direksyon Mediterane , alòske Washington kontinye ap mete presyon sou lidè libyen an, Moammar Kadhafi pou sispann yon operasyon sere-boulon l ap fè sou manifestan opozisyon an.

Minis defans Etazini an, Robert Gates di mèkredi 2 mas 2011 la li te bay lòd pou bato de gè yo deplwaye sou kòt Libi an ka ke yo ta bezwen yo pou evakiasyon dijans oubyen pou sekou imanitè.

Lezetazini fè konpliman pou Asanble Jeneral Nasyonzini an ki sispann Libi nan Konsèy dwazimen Nasyonzini an , li dekri aksyon sa a kòm yon avètisman pou lòt nasyon ki ta gen entansyon atake pwòp sitwayen yo.

Sekretè Deta Hillary Clinton di desizyon Asanble jeneral la pran madi 1er mas 2011 la montre ke gouvènman ki rale zam sou pwòp sitwayen ni pa gen plas –li nan konsèy dwazimen 47 manm nan ki baze nan Jenèv. Li ajoute, kominote entènasyonal la voye yon mesaj klè bay Libi pou fè l konnen ke vyolasyon dwa inivèsèl yo pa akseptab.

XS
SM
MD
LG