Accessibility links

Breaking News

Sanksyon Etazini Kont Iran an Kapab Kreye Tansyon ant Washington ak Tirki


Prezidan peyi Tirki a Recep Tayyip Erdogan nan Annkara, Tirki, 28 novanm 2017.
Prezidan peyi Tirki a Recep Tayyip Erdogan nan Annkara, Tirki, 28 novanm 2017.

Lèzetazini pran desizyon, lendi 6 daout 2018 a, pou l remete sanksyon sou do Iran apre Washington te mete sanksyon sa yo an veyez pou l respekte yon ako entènasyonal plizyè peyi te siyen ak Iran konsènan eliminasyon pwogram zam nikleyè peyi sa a.

Sanksyon sou Iran an, se yon desiyon ki kòmanse kreye opozisyon ant gouvennman ameriken an avek gouvennman peyi Latiki.

An fèt, otorite yo nan Annkara fè konnen desizyon Lèzetazini an pa angaje gouvennman tirk la ditou-ditou. Mezantant sitiyasyon sa a kapab pwovoke menase pou l ogmante yon tansyon ki te deja ap monte ant 2 peyi yo, kise 2 eta manm Oganizasyon Trete Atlantik No a (l'OTAN).

XS
SM
MD
LG