Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump Pral Deside sou Pwogram ki Anpeche Depòtasyon Pitit Imigran Ilegal yo, DACA

French President Emmanuel Macron stands by as French aid worker Sophie Petronin, center, is welcomed by her family after suspected jihadist hostage-takers freed the 75-year-old from nearly four years of captivity in Mali, upon her arrival near Paris.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, gen pou l anonse demen madi 5 septanm 2017 la desizyon lap pran pou l mete fen nan pwogram ki te anpeche otorite yo depòte pitit imigran ki te antre Ozetazini ilegalman lè yo te tou piti.

Daprè otorite ki bay jounalis yo detay sou posib desizyon sa a, prezidan an pral ofri yon delè 6 mwa pou Kongrè a gen tan egzamine kesyon an. Otorite yo lanse avètisman tou pou di Prezidan Trump byen ka change lide.

Prezidan chanm dè reprezantan an, Paul Ryan, ak plizye lòt palmantè Repibliken bay lokatè Mezon Blanch la konsèy pou l pa anile pwogram-nan. Mesye Ryan di li kwè Kongrè a ta dwe jwenn yon fason pou li pwoteje moun ki benefisye pwogram sa a, yon pwogram yo konnen sou abrevyasyon Anglè DACA (D-A-C-A).

Palmantè ameriken yo pat patisipe nan miz-an-aplikasyon pwogram sa a ke ansyen Prezidan Barack Obama te kreye gras ak yon dekrè.

XS
SM
MD
LG