Accessibility links

Breaking News

Lachin Ogmante Tarif sou Plizyè Pwodui Kap Soti Ozetazini


Yon makèt nan peyi Lachin kap vann pwodui ki soti Ozetazini; Peken, 2 avril 2018.
Yon makèt nan peyi Lachin kap vann pwodui ki soti Ozetazini; Peken, 2 avril 2018.

Lachinn pran desizyon pou l ogmante jiska 25 pousan tarif sou yon lis pwodui kap soti OzetazIni, pami yo vyann kochon, fwi ak divès lòt danre. Ogmantasyon an monte rive 3 milya dola.

Tarif sa yo antre anvigè lendi 2 avril la, dapre yon anons ministè finans chinwa a fè sou kesyon an dimanch 1 Avril 2018 la. Responsab ministè a di, se yon fason pou nasyon azyatik la reponn kif-kif ak ogmantasyon tarif Etazini enpoze sou aliminyòm ak asye ki antre an aplikasyon depi 23 mas pase.

Lachinn te pibliye lis pa li a nan menm jounen 23 mas la.

XS
SM
MD
LG