Accessibility links

Breaking News

Yon Bato De Gè Ameriken nan Lanmè Meridyonal Lachin pou yon Antrenman Woutin


Bato destroyè Lamarin amerikèn bato destroyè Lamarin amerikèn
Bato destroyè Lamarin amerikèn bato destroyè Lamarin amerikèn

Yon bato destroyè Lamarin amerikèn lanse yon operasyon nan zile Lachin fabrike nan lanmè meridyonal Chin nan, yon zòn ki chaje ak trafik maritim entènasyonal dapre sa responsa militè ameriken yo fè konnen.

Responsab bato USS John S. McCain di kèk ajans nouvèl ameriken yo mennen yon operasyon woutin dapre libète navigasyon jedi 10 out 2017 la, kote veso a te vwayaje sou yon distans 12 mil notik sou zile Spratley yo.

Devlopman sa a entèvni nan moman tansyon ap ogmante ant Lèzetazini ak Kore di Nò, e nan moman administrasyon Trump la ap chache èd nan men Peken pou fè fas ak menas Pyongyang poze ak pwogram nikleyè li a.

XS
SM
MD
LG