Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Kèk Responsab nan Kominote Dyaspora a sou Panik ki Blayi nan Mitan Imigran Ayisyen ki Gen TPS yo


Twa fanmi ki di yo soti Burundi kap mache sou wout Roxham a nan direksyon fwontyè Etazini-Kanada nan zòn Champlain, New York, 3 out 2017. Foto: Reuters / Christinne Muschi. 90 pousan imigran kap kouri antre Kanada yo se ayisyen.
Twa fanmi ki di yo soti Burundi kap mache sou wout Roxham a nan direksyon fwontyè Etazini-Kanada nan zòn Champlain, New York, 3 out 2017. Foto: Reuters / Christinne Muschi. 90 pousan imigran kap kouri antre Kanada yo se ayisyen.

Kèk responsab nan kominote ayisyèn nan reyaji sou panik ki genyen nan mitan imigran ayisyen kap kouri janbe fwontyè kite Etazini pou antre Kanada e mande azil politik avan Stati Pwoteksyon Tanporè yo, TPS, rive nan bout li.

Marleine Bastien, direktris Fanm Ayisyèn nan Miami, dekonseye imigran ayisyen sa yo kite Etazini pou ale ilegalman o Kanada. Dapre Madam Bastien, pa gen okenn garanti otorite imigrasyon kanadyèn pral konsidere ka moun sa yo epi akòde yo stati legal pou rete nan peyi Kanada. Direktris òganizasyon fanm lan kontinye pou l di: "Nou paka di imigrasyon amerikèn pa pral pwolonje TPS la ankò pou ayisyen yo."

Madam Bastien ki tap debat dosye imigran ayisyen ki gen TPS yo sou lèzond Lavawdlamerik fè konnen: "Soti Etazini pou al mande azil Kanada se yon move desizyon. "

Marleine Bastien te reponn kesyon Jean Pierre Leroy.

marlene Bastien
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:51 0:00

Marjorie Villefranche, direktris Mezon Dayiti nan vil Monreyal, pwovens Kebèk, di Lavwadlamerik, "Se yon mezi espesyal sèlman ki kapab legalize imigran sa yo ki soti Etazini."

entèvyou Responsab Mezon Dayiti nan Monryal, Marjorie Villefranche, bay Lawadlamerik
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:09 0:00

Pou kounye a, imigran sa yo ap rete o Kanada ann atandan gouvènman federal la pwononse l sou estati definitif yo pou site Pierre Emmanuel ki se Direktè Enfòmasyon Radyo Unyon.Pwen.Com ou CEPAM nan Monreyal.

XS
SM
MD
LG