Accessibility links

Breaking News

Larisi Mande Etazini Redui nan Pèsonèl Diplomatik li nan Moskou


Yon polisye ris ki kanpe devan anbasad Etazini an nan vil Moskou , Larisi.14 me 2013.
Yon polisye ris ki kanpe devan anbasad Etazini an nan vil Moskou , Larisi.14 me 2013.

Otorite politik yo nan Moskou mande Washington pou li diminye sou kantite diplomat li genyen lakay li poutèt sanksyon Kongrè Ameriken adopte pou l pini ris yo pou enjerans yo nan eleksyon novanm pase yo.

Ministè Afè etranjè peyi Larisi, fè konnen, vandredi 28 jiyè 2017 la, lap pran dispozisyon pou l bay Lèzetazini yon repons kif-kif apre desizyon Kongrè a adopte jedi 27 jiyè a pou l enpoze sanksyon sou Moskou.

Ministè a di sanksyon lap pran yo pral atire atansyon sou karaktè agresif aksyon Lèzetazini poze sou plan entènasyonal la.

Ministè afè etranjè ris la ajoute: “Nou mande ameriken yo pou yo bese kantite reprezantan diplomatik, manm pèsonèl teknik ak konsil yo genyen nan peyi nou an, pou yo fè l rive nan menm kantite ak valè diplomat, teknisyen ak konsil nou menm, nou genyen Ozetazini.”

Dapre Larisi, desizyon sa a pral fè efektif reprezantan diplomatik e konsilè Lèzetazini nan Moskou ak lòt vil peyi, desann rive nan 455

XS
SM
MD
LG