Accessibility links

Breaking News

UNICEF: Gang Ann Ayiti Vize Lekòl ak Elèv yo

An instructor carrying measuring instruments walks through the schoolyard of the Academy for Peace and Justice in Port-au-Prince January 9, 2012. Bankrolled by a roster of Hollywood celebrities, the Academy of Peace and Justice is Haiti's first free secon

UNICEF (Ajans Nasonzuni kap travay sou zafè timoun) lanse avètisman pou di gang yo ann Ayiti ap vize kounyea lekòl yo ak elèv yo.

Nan 2 mwa ki sot pase yo, gen omwens 7 lekòl nan kapital la ki te oblije peye gang yo pwoteksyon. Gen plizyè lòt enstitisyon tou ke gang yo menase.

Avètisman yo vini kèk jou apre otorite yo fè konnen ke gang yo te touye yon pwofesè inivèsite yo te kidnape.

Anplis de sa, otorite ameriken ak ayisyen yo toujou ap eseye jwenn liberasyon 17 misyonè Christian Aid Ministries, yon òganizasyon relijye ameriken, ke gang 400 Marozo kidnape depi 16 oktòb tou pre kapital la.

XS
SM
MD
LG