Chèf l'ONU an di:" Si yon tyè popilasyon Rohingya oblije kouri kite tèritwa biman an, ki mo ki kapab dekri yon sitiyasyon konsa pi byen pase "netwayaj etnik?"
Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterres, deklare mèkredi 13 septanm 2017 la deplasman yon tyè nan popilasyon gwoup etnik Rohingya yo nan peyi Bimani, se yon aksyon moun ka konsidere kòm yon netwayaj etnik.
Pandan chèf l'ONU an tap reponn kesyon laprès ki te mande l èske yon moun kapab konsidere kriz sa a kòm yon netwayaj rasyal, li reponn :
<< Si yon tyè popilasyon Rohingya oblije kouri kite tèritwa biman an, ki mo ki kapab dekri yon sitiyasyon konsa pi byen pase "netwayaj etnik"? Mwen lanse apèl bay gouvènman Bimani an pou m mande l mete fen nan aksyon militè l yo, sispann zak vyolans yo, tabli eta de dwa nan peyi a epi rekonèt dwa moun ki pati yo genyen pou yo retounen nan Bimani.>>
Misye Guterres ajoute:
“Yo dwe rekonèt nasyonalite mizilman Eta Rakhine nan oubyen, toutomwens, yo dwa genyen yon estati legal ki ka pèmèt yo viv vi yo nòmalman.”
Nan jounen mèkredi 13 septanm 2017 la, Konsèy Sekirite l’ONU an òganize yon seyans espesyal sou vyolans ki pete nan Eta Rakhin nan ak kriz imanitè vyolans sa a koze. Peyi ki te mande rankont psa a se La Grand Bretay ak Laswèd aprè direktè Ajans l’ONU pou Aksyon Imanitè a, Zeid Ra’ad al-Hussein, te deklare li konsidere move trètman Rohingya yo sibi kòm “yon egzanp klasik sa ki rele netwayaj etnik la.”