Accessibility links

Breaking News

ULCC Di li Mye Plase pou Fè Limyè sou Dosye Petro Caribe a


Logo ULCC a, yon òganizasyon kap goumen kont koripsyon ann Ayiti. Foto: Jounalis afilye, Socrate. A. Jean Pierre.
Logo ULCC a, yon òganizasyon kap goumen kont koripsyon ann Ayiti. Foto: Jounalis afilye, Socrate. A. Jean Pierre.

Responsab Unite de Lutte Contre La Corruption, Majò David Basil, fè konnen ajans l ap dirije a mye plase pou l fè limyè sou fason fon lajan pwogram Petro Caribe a ta depanse.

Responsab ULCC a di ajans la kòmanse prepare pou l travay sou dosye a ann atandan konklizyon travay KoudèKont ki prevwa pou kòmansman ane 2019 la. Selon majò David Basil ki t ap pale ak jounalis, " Ajans la bezwen mwayen finansye nesesè pou l anplwaye ekspè etranje pou asiste yo nan ankèt la."

Anons manifestasyon pou denonse kaspiyaj fon Petro Caribe a:

Sektè opozisyon demokratik la ann Ayiti fikse pou dimanch 23 septanm nan yon manifestasyon nan plizyè katye nan kapital la pou denonse gaspiyaj yo di ki ta genyen nan fon PetroCaribe a.

Plizyè manifestasyon deja dewoule nan kapital la, nan vil pwovens yo ak nan dyaspora a pou mande dirijan gouvènman bay kont randi sou fason lajan an te depanse.

XS
SM
MD
LG