Unite de Lutte Contre La Corruption (ULCC) mande komisè gouvènman Pòtoprens la pou l mete aksyon piblik an mouvman kont ansyen Minis Afè Sosyal ak Travay sou administrasyon Moïse/Lafontant an, Roosevelt Bellevue, ak tout chèf kabinè li a, administratè ministè a nan epòk la ak 7 responsab nan 6 antrepriz pou sifaktirasyon kit eskolè ak pasasyon mache ilegal.
Ansyen Minis la nye li te patisipe nan sifaktirasyon e konsidere desizyon an kòm yon konplo, yon kou monte. Mesye Bellevue, nan yon entèvyou sou Lavwadlamerik pandan peryòd revokasyon li an te voye jete akizasyon kòm kwa li ta pran 950 mil dola gouvènman an ta alwe nan kad yon pwojè kit skolè ke l te pwopoze nan "konsèy-dès-minis" avan rantre lekòl la.
Pou misye Bellevue se yon konplo antrepriz pwòch pouvwa a ki bezwen benefisye kontra nan kad pwojè sa a mete sou do l. Ansyen minis lan te di li mete yo an defi pou yo vin ak prèv pou kore akizasyon sa yo.