Accessibility links

Breaking News

Plis Militè Ris Antre Nan Naval Baz Simferopol, Nan Krime


Obsèvatè Oganizasyon Pou Sekirite Ak kooperasyon Nan Ewòp la kap eseye wè si militè ris yo va kite yo antre nan Krime, Ukrèn. 8 mas 2014
Obsèvatè Oganizasyon Pou Sekirite Ak kooperasyon Nan Ewòp la kap eseye wè si militè ris yo va kite yo antre nan Krime, Ukrèn. 8 mas 2014
Yon konvwa ki sanble yon konvwa veyikil militè Larisi antre nan yon ba toupre kapital Krime a, Simferopol. Repòte ajans nouvèl yo ki anrejistre sou videyo prezans konvwa a di yo konstate tangkè gazolin, 8 machinn blende ak 2 anbilans. Kolonn kamyon an ale nan yon baz aeryèn kote genyen yon drapo Larisi kap flote.

Moskou demanti li genyen lòt sòlda nan Krime--akote sa li te toujou genyen ki estasyonnen nan baz naval flòt li genyen nan Lanmè Nwa a, toujou nan Krime.
Sepandan, temwen di malgre sòlda yo pa genyen okenn siy sou yo pou ede idantifye sòlda ki peyi yo ye, pa genyen dout yo se sòlda ris.

Anvan sa, genyen temwen ki di yo te tande kèk kout semons--kout dam avètisman--apre sòlda kap apiye Larisi te refize kite obsèvatè Òganizasyon Pou Sekirite ak Kooperasyon nan Ewòp la rantre nan Krime.
Se 3zyèm jou, youn apre lòt, yo refize yon ekip obsèvatè antre nan rejyon an.

Minis afè etranjè pwovizwa Ukrèn nan, Andrii Deshchytsia, lanse apèl pou mande yon solisyon diplomatik e pasifik nan kriz la. Li deklare Ukrèn dispoze diskite sou tout kesyon ki kapab ede debouche sou "bon jan rezilta", men li souliyen rejyon Krime a se yon tèritwa ukrènyen e li pral rete yon tèritwa ukrenyen".
XS
SM
MD
LG