Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Pale 2 Fwa Avèk Prezidan Putin nan Somè G-20 an, Men Dezyèm Rankont lan Te Toukout

Prezidan ameriken an, Donald Trump pandan rankont li ak Prezidan ris la, Vladimir Putin, nan Somè G-20 an nan Hamburg, 7 jiyè 2017. Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergey Lavrov agoch, ak Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson adwat.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ak tokay ris li a, Vladimir Putin, fè yon dezyèm rankont yo pat devwale pandan somè G-20 an ki sot dewoule nan vil Hambourg an Almay, dapre sa Lamezon Blanch konfime byenta madi 18 Jen 2017 la.

2 prezidan yo te rankontre fas-a-fas pou la premyè fwa nan vil Hambourg nan dat 7 jiyè 2017 pase a nan kad yon chita-pale ki te dire plis pase 2 zèd tan, e ke laprès te kouvri byen kouvri nan moman an. Sepandan, dapre nouvèl ki fè sifas kounye a, Prezidan Trump ak Prezidan Putin te antre nan yon dezyèm diskisyon pandan yon dine pou chèf deta ak madanm yo, an palan de chèf deta ki reprezante 20 pi gwo ekonomi sou planèt la.

Lokatè Lamezon Blanch la itilize kont Twitter li a san pèdi tan pou l voye jete byen lwen enfòmasyon medya ameriken yo pibliye sou kesyon an. Mesye Trump di: “Atik ki parèt nan laprès konsènan yon dine mwen ta genyen ak Prezidan Putin, se pawòl moun malad.”

XS
SM
MD
LG