Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Yon Lòt Deba ant Kandida Repibliken yo – Plis Divizyon nan Mitan Pati a.


 (De goch a dwat) Kandida a la prezidans Pati Repibliken an : Sen. Marco Rubio (R-Fla)., Omdafè Donald Trump, Sen. Ted Cruz (R-Texas), ak Gouvènè Eta Ohio John Kasich, nan yon deba ki dewoule nan Fox Theatre, vil Detroit, Eta Michigan, nan sware jounen 3 mas 2016.
(De goch a dwat) Kandida a la prezidans Pati Repibliken an : Sen. Marco Rubio (R-Fla)., Omdafè Donald Trump, Sen. Ted Cruz (R-Texas), ak Gouvènè Eta Ohio John Kasich, nan yon deba ki dewoule nan Fox Theatre, vil Detroit, Eta Michigan, nan sware jounen 3 mas 2016.

Ozetazini, nan deba ki dewoule nan sware jounen jedi 3 mas 2016 la ant kandida ki ta renmen jwenn nominasyon Pati Repibliken an pou pòs prezidan an, Donald Trump -ki devan nan kous la-- sèvi ak mo degradan pou l deziye kèk nan advèsè li yo. Pa egzanp, pou l pale de Ted Cruz, li di : “Mantè yo rele Ted la”; pou l pale de Marco Rubio, li rele misye “Ti Marco”, pandan li tap repouse atak 2 senatè sa yo tap lanse sou li. Tou sa konfime siyn ki montre genyen gwo divizyon nan mitan Pati Repibliken an.

Marco Rubio (agoch) ak Donald Trump.
Marco Rubio (agoch) ak Donald Trump.

Marco Rubio lanse ti toya sou Trump pandan li tap pale de kèk sondaj ki parèt sou kanpay la:

“ Pami nou 4 ki sou podyòm nan la a, Trump se moun ki jwenn pi move rezilta devan Hillary Clinton. “

Donald Trump te prese reponn, menmsi pawòl li yo tap monte sou pawòl Marco Rubio:

<< Se pa vre. Mwen kale Hillary Clinton nan anpil sondaj ki fèt. Eske m gen lapawòl, wi ou non? Ou bay manti, paske mwen kale Hillary Clinton nan anpil sondaj. >>

Donald Trump (agoch) ak Sen. Ted Cruz.
Donald Trump (agoch) ak Sen. Ted Cruz.

Kandida Ted Cruz -ki tap swiv 2 mesye yo avèk etonnman sou figi li- pale pou l di kandida Rubio ak Trump konpòte yo kòm 2 ti elèv lekòl. Li tou pwofite pou l denonse sa l konsidere kòm fo pwomès Donald Trump ap fè lè l deklare li pral rebay Lèzetazini grandè li te genyen nan le pase. Ted Cruz fè konnen:

<< Mwen pa kwè pèp ameriken an enterese nan yon gwoup elèv lekòl kap joure. Yo enterese nan solisyon e non pa nan slogan. Se fasil pou w di ou pral amelyore bagay yo; se fasil pou w di avèk ou tout bagay pral an gran jan, an pen pan. >>

Anpil manm repibliken Kongrè a ak gwo lidè pati a fè konnen yo pap janm apiye Donald Trump menm si misye ta rive jwenn nominasyon pati a, alòske kèk lòt deja kòmanse ranje kò yo bò kote li. An tou ka, anvan deba jedi swa a te fini, tou lè 3 lòt kandida yo (Marco Rubio, Ted Cruz ak John Kasich) deklare yo pare pou yo apiye kandidati Misye Trump la si se li ki ranpòte nominasyon Pati Repibliken an.

XS
SM
MD
LG