Pawòl piman bouk chofe ant Etazimi ak Kore di Nò soulve kè-sote anpil kote nan mond la kòmkwa gen yon kokenn konfli kap vini, men tout bri deyò a ap fè eko nan Kore di Sid.
Kore di Sid gen yon fwontyè ak gwo zam lou ki separe l ak Kore di Nò a, e pifò moun nan Kore di Sid viv anba danje lagè. Pyongyang menase plizyè fwa pou l pou l fè kapital Kore di Sid la Seoul tounen yon lanmè dife, e li plase bò fwontyè a anpil pyès kanno. Men nan Sid la, sa pa fè chok ankò, paske depi 60 lane, tou le 2 kan yo gen zam ki fè youn pa ka atake lòt.