Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Anile yon Somè Ant Li Menm ak Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un

Prezidan Donald Trump ki t ap pale de Kore di Nò anvan li te siyen sa k rele "Lwa sou Devlopman Ekonomik, Règleman, ak Pwoteksyon Konsomatè" nan Sal Roosevelt la nan La Mezon Blanch, jedi 24 me 2018 la nan Washington. (Foto: AP/Evan Vucci).

Prezidan Donald Trump di li anile yon rankont ant li-menm ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong UN -rankont ki te fikse nan Sengapour pou 12 jen 2018 la. Kòm rezon desizyon sa a, Misye Trump site kèk deklarasyon otorite yo te fè nan Pyongyang sa pa gen lontan.

Depi La Mezon Blanch, Prezidan Trump di: "M panse se yon gwo echèk pou Kore di Nò e san di pètèt se yon echèk pou lemond." Li avèti tou ke lame Lèzetazini pi pare ke jamè anvan" ansanm ak alye li, Kore di Sid ak Japon, "si Kore di Nò ta poze okenn aksyon moun fou o temerè."

Prezidan Trump di li gen espwa otorite yo nan Kore di Nö va retounen jwenn kominote nasyon yo. Byen bonè jedi 24 me 2018 la, La Mezon Blanch pibliye yon lèt Prezidan Trump voye bay lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, pou di li: "Franchman, m te espere twouve m ansanm avèk ou laba a..."

Sou ekran TV sa a moun ka wè Prezidan Donald Trump (agoch) ak lidè Koe di Nò a, Kim Jong Un, nan yon pwogram yon estasyon tevevizyon nan Sewoul, Kore di Sid t ap prezante jedi 24 me 2018 la.
Sou ekran TV sa a moun ka wè Prezidan Donald Trump (agoch) ak lidè Koe di Nò a, Kim Jong Un, nan yon pwogram yon estasyon tevevizyon nan Sewoul, Kore di Sid t ap prezante jedi 24 me 2018 la.

Prezidan Trump di pi lwen nan lèt la: "Malerezman, akoz gwo mekontantman ak gwo ostilite otorite yo nan peyi w la montre nan deklarasyon yo fè sa pa gen lontan, mwen santi li pa apwopriye pou n òganize nan moman sa a rankont nou t ap planifye depi lontan." Daprè La Mezon Blanch, dènye kou ki touye koukou a se yon mank-dega Vis Minis afè etranjè Kore di Nò a, Choe Son Hui, lanse kont Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, lè l di li konsidere M. Pence kòm "yon enbesil pilitik."

XS
SM
MD
LG