Accessibility links

Breaking News

5:30PM - Nuit Tonbe sou Washington - Pa Gen Antant nan Kongrè a sou Fonksyonnman Leta Federal apre Minui

Nuit la ap tonbe sou Kongrè Ameriken an nan Washington. Nou pran foto sa nan moman te rete 6 zè ak 30 minit pou lè-limit la pase pou palmantè yo jwenn yon antant sou fonksyonnman gouvènman federal la, swa minui. (Foto: Vandredi 19 janvye 2018).

Yon rankont ki dewoule nan La Mezon Blanch, nan kòmansman apremidi jounen vandredi 19 janvye a, ant Prezidan Donald Trump ak pi gwo lidè demokrat nan Sena ameriken an, Chuck Schumer, pa rive bay rezilta ki ta kapab evite yon fèmti gouvènman federal la a minui, lè Washington, lè kote pouvwa Leta federal la genyen pou l fè depans pral rive nan bout li. Aprè Misye Schumer te fin kite palè a, li pibliye yon deklarasyon kote li di:

<< Nou te fè yon diskisyon long e detaye. Nou rive fè kèk pwogrè; men toujou genyen yon bann mezantant antre nou. Diskisyon yo pral kontinye. >>

Negosyasyon dènye minit. De goch adwat: Lidè Chanm Depite a, Repibliken Paul Ryan; lidè majorite repibiken Sena a, Mitch McConnell; lidè minorite demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer; lidè minorite demokrat la nan Chanm Depite a, Nancy Pelosi.

Manm demokrat Sena a sòti pou yo bloke yon pwopozisyon ki ta pèmèt gouvènman kontinye opere pwovizwaman rive jous nan mitan mwa fevriye a. Chanm Depite a te apwouve pwopozisyn-lwa sa a byen ta nan jounen jedi a, men se avèk vòt palmantè repibliken yo sèlman li te pase.

Nan Sena a, kote yon majorite 3/5 nesesè pou yon lejislasyon pase, Demokrat yo di yo pap apiye okenn pwopozisyon-lwa ki pa prevwa aksyon pou pwoteje kont depòtasyon anviwon 800 mil jenn imigran ki te antre Ozetazini ak paran yo pandan yo re piti toujou; se konsa tou yo egzije pou tout lwa sou depans federal yo soutni sa yo konsiderw kòm priyorite pou peyi a. Palmantè repiblilken yo akize Demokrat yo deske yo mal plase priyorite yo.

XS
SM
MD
LG