Accessibility links

Breaking News

Somè Istorik ant Prezidan Donald Trump (Etazini) ak Kim Jong Un (Lidè Kore di Nò)


Entèvyou Prezidan Trump Bay Lavwadlamerik
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:52 0:00

NDLR: Prezidan Donald Trump bay kolaboratris Lavwadlamerik, Greta Van Susteren, yon entèvyou aprè somè lidè ameriken an te fè nan Sengapou avèk chèf siprèm Kore di Nò a, Kim Jong Un. Entèvyou a te dewoule sitou sou tèm 2 lidè yo te abòde ak kesyon pou konnen kisa yo espere kòm rezilta rankont la. Men yon transkripsyon entèvyou sa a:

K 1.- Kisa ki siprann ou plis nan Kim Jong Un?

R 1.- A la verite, li genyen yon bèl pèsonalite. Se yon moun ki enteresan; li trè zentèlijan; se yon gran negosyatè. Li renmen pèp li; se pa ke sa siprann mwen non, men fò m di li renmen pèp li. E m panse sa nou genyen la a, se kòmansman yon antant ekstrawòdinè. Nou pral denikleyarize Kore di Nò. Se yon travay ki pral kòmanse imedyatman, e genyen anpil lòt bagay k ap fèt –pami yo gen plan pou nou rapatriye Ozetazini kadav sòlda nou ki te mouri nan Lagè Kore a.

Ou konn yon bagay? Lè nou enplike jan nou enplike nan sa k ap pase nan Kore di Nò, nou wè genyen anpil priyorite; Men, ou konnen, Gretta: se yon obligasyon pou nou rapatriye rèstan kadav militè nou yo; se yon bagay ki enpòtan anpil pou anpil moun. Mwen resevwa apèl telefonik, mwen resevwa lèt kote moun ap di mwen: <<Eske ou ka fè sa pou nou, silvouplè?>> Alòs, Kim Jong Un dakò pou l kolabore avèk nou, pou l fè sa; pou l ede nou rapatriye plizyè milye moun ki te mouri pandan lagè a. Alòs se yon gwo akò nou jwenn la a.

Prezidan Donald Trump avèk kolaboratris Lavwadlamerik Greta Van Susteren (Foto: Sengapou, madi 12 jen 2018 la)..
Prezidan Donald Trump avèk kolaboratris Lavwadlamerik Greta Van Susteren (Foto: Sengapou, madi 12 jen 2018 la)..

K. 2: Kidonk, ou te mete sou tab la jodi a dosye respè dwa-moun nan … Kijan li reyaji?

R. 2. : Li reyaji trè byen. Men, an reyalite -jan yon moun ka konprann sa a- nou te pase 90 pou san tan nou ap pale de kesyon denikleyarizasyon an. Nou te abòde anpil lot tèm tou nan diskisyon yo –pami yo te genyen kesyon dwazimen an. Kesyon rapatriman restan-kadav sòlda nou yo te okipe yon gwo plas tou. An reyalite, nou reyisi plase kesyon sa a nan dokiman nou siyen an, menm jan nou plase ladan n anpil lòt dosye; alòs, nou akonpli plis reyalizasyon ke sa pèsonn moun te ka prevwa nou te kapab akonpli.

Entèvyou Prezidan Donald Trump avèk Greta Van Susteren, kolaboratris Lavwadlamerik, sou somè amerikano-nò-koreyan an Sengapou (Madi 12 jen 2018). Vwa: Anne-Caroline Verret/Lyonel Desmarattes).
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:51 0:00

K 3 : Pale m yon ti kras de sa nou te diskite nan “les coulisses”: Eske ou te mete yon ultimatum devan n? Eske se li-menm ki te ba w yon ultimatum? Ki kesyon ou pa t sispann soulve avè l? sou ki kesyon li te ensiste plis avèk ou?

R 3 : Non; pa t gen ultimatum! An fèt, gen 3 mwa deja depi nou te an kontak atravè reprezantan respektif nou –san bliye Sekretè Deta Mike Pompeo ki fè yon travay fantastik. Alòs, nou te devlope kontak yo pandan yon bon peryòd tan; ki fè la a, lè nou te rankontre jodi a, nou rive antann nou byen imedyatman, depi o-kòmansman. Tankou ou kapab konnen, mwen sou 2 pye m depi 25 èd-tan; mwen poko dòmi depi 25 èd-tan. Ki fè, se te yon gwo kokenn premye manch negosyasyon yo, yon seri negosyasyon manch-long. E mwen trè fyè de sa. Fòk mwen di w tou se yon pwosesis.

Prezidan Donald Trump ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, ki t ap bay lanmen aprè siyati yon akò nan fen rankont yo a nan Otèl Sentosa Island nan Sengapou, madi 12 jen 2018 la.
Prezidan Donald Trump ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, ki t ap bay lanmen aprè siyati yon akò nan fen rankont yo a nan Otèl Sentosa Island nan Sengapou, madi 12 jen 2018 la.

Ou konnen tou: Bagay yo te byen kapab debouche sou lagè, e sa te ka fini avèk lanmò plizyè milyon moun. Ou konnen Kore di Nò trè byen; ou konnen gen 28 milyon moun k ap viv nan Sewoul. Ebyen, bagay yo te ka pwovoke lanmò plizyè milyon moun; men, olye de sa, nou pral siyen yon akò pito.

K. 4 : Eske sòlda ameriken ki nan Kore di Sid yo pral rete nan peyi sa a?

K. 4: : Ebyen wi: Yo pral rete laba a. Nou pa t menm fè diskisyon sou sa? Tèm nan pa t menm sou ajanda a. Men, nou genyen pou nou sòti nan jwèt lagè sa a ki koute nou tèlman anpil lajan; paske mwen panse, premyèman: prezans nou laba a se yon bagay ki kwovokan anpil; se pou sa mwen patizan yon retrè sòlda nou yo, e m panse nò-koreyen yo trè kontan pou sa; paske se yon bagay ki pwovoke yo e sa koute nou yon fòtin pou n rete laba a. Men mwen si nou youn pa pral fè anyen pou leze enterè lòt la toutotan n ap negosye an tout bòn fwa..

K. 5: Kisa ki te mennen Kim Jong Un bò tab negosyasyon an fwa sa a, aprè lidè nò-koreyen yo te prefere pase plizyè dizèn lane ap lanse menas?

R. 5: Ebyen, a la verite, mwen pa panse te tèlman gen menas; menm anvan prezidans mwen an, m pa panse te gen bagay konsa. Sa k te genyen pratikman, sete yon atitid silans; mwen pa vle pale twòp de silans sa a; epi dayè, se pa yon bagay m ta dwe fè. Bon, mwen panse deklarasyon dyanm mwen te fè o-kòmansman yo te trè-trè zenpotan. Franchman, se pa yon bagay m te fè avèk plezi; e gen anpil moun ki te panse mwen t ap fè yon move bagay. Men, mwen panse, si m pa t pale konsa, nou pa t ap rive kote nou ye jounen jodia. Mwen panse tou Kim Jong Un ta renmen siyen yon akò; li ta renmen fè yon bagay.

K. 6: Men, poukisa?

R. 6: Paske li konnen nou p ap jwe; nou serye nan sa n vle fè a. Mwen pa panse li kwè bagay yo pral fèt jan yo te fèt nan le pase; li gade, li wè, nan le pase se lòt moun ki te an fas li; se sa ki fè anyen pa t janm fèt la. Men li konnen byen nou sòti pou n pase alaksyon, pou nou fè bagay yo fèt e n ap fè yo fèt. Epi -jan ou konn sa tou- yon moun te kapab di, depi sou premye jou a, nou pa t sispann pale de dosye Kore di Nò a avèk yon langaj fèm, solid. E m a panse dokiman nou siyen jounen jodi a se yon dokiman ki pi enpòtan, ki kouvri plis domèn anpil pase sa anpil moun te panse. Pèsonn pa t kwè se yon bagay ki te posib.


K. 7: Ki enpresyon ou panse li genyen de ou lè l fin kite sal diskisyon an?


R. 7: Mwen panse li apresye mwen, e mwen menm tou, mwen apresye li. Puiske mwen byen konprann sa k te pase, mwen byen konnen tou misye se yon negosyatè ki madre, ki dyanm anpil; m pa bezwen pesonn moun vin di m sa. Li oblije vin di, vin solid; e se yon nonm solid ki te devan m nan. Men, an fèt, nou rive antann nou trè byen; se yon nonm ki entèlijan, ki renmen pèp li, ki renmen peyi li. Li ta renmen fè anpil bon bagay, anpil bèl bagay, e se pou sa l ap fè sa l ap fè a.

K. 8: Men, li kite pèp la ap mouri grangou? Li pa sispann kraze zo yo? Eske w ka kontinye di li renmen pèp li?

R. 8: Si w byen gade, misye ap fè egzatteman sa l te wè moun fè anvan li. Sepandan, mwen dwe baze mwen sou sa k fèt jodi a, sou fa k te fèt yè, sou sa k te fèt sa gen 2 semenn; paske, pou mwen menm, e tou resaman la a bagay yo te kòmanse vrèman. Kite m di yon fwa ankò: si m pa t pale di, dyanm, jan m te pale a, si pa t genyen sanksyon sou tab la (paske sanksyon yo enpòtan anpil), ebyen, sanksyon yo pral rete an plas jiskaske nou va wè gen bagay k ap fèt tout bon. Nan moman m ap pale avèk ou la a, bagay yo ap fèt; men sanksyon yo pral rete sou tab la jiskaske nou va wè vrèman demantèlman zam nikleyè yo, jiskaske nou va wè yo elimine zam nikleyè yo.”

K. 9: Pandan ou sou Lavwadlamerik la, kite m di moun pral tande pwogram sa a nan Kore di Nò. Ki mesaj ou ta renmen voye direkteman bay sitwayen Kore di Nò yo?”

R. 9: Ebyen, m ta di yo ke yo genyen avèk yo yon moun ki gen anpil bon santiman pou yo. Li ta renmen fè bon bagay pou yo e mwen-menm avèk li, nou rive antann nou trè byen. Tanperaman nou ale ansanm; ou konnen kijan m sansib pou kesyon tanperaman an. Se yon bagay ki trè zenpòtan. Tankou ou konnen sa tou, si tanparaman yon moun pa ale ak pa yon lòt, si san ou pa ale avèk moun nan, kèlkeswa sa ou fè, pa gen anyen ou ka reyalize. Depi o-kòmansman mwen te santi san m ale avèk li. Mwen te pale de sa, e m panse gen anpil bagay ki pral fèt pou Kore di Nò.


Greta Van Susteren: “Chè Prezidan, sete yon plezi pou m te sòti jous Washington pou m te rankontre avèk ou.”

Prezidan Trump: “Se laverite. Nou pase anpil tan sou wout. Mwen espere m pral ka fè yon ti dòmi. Epi, ou menm tou, chache pran yon ti repo.”

Greta Van Susteren: “Se sa l ye, wi. Bon vwayaj retou.”

Prezidan Trump: “Mèsi Greta; se yon gwo onè pou mwen.”

XS
SM
MD
LG