Accessibility links

Breaking News

Echanj Pawòl Pimanbouk Ap Kontinye ant Lèzetazini ak Kore Di Nò


Manm lame Kore di Nò a
Manm lame Kore di Nò a

Pawòl pwovokatè kap pale ant Prezidan ameriken an, Donald Trump, ak otorite yo nan Kore di Nò vin ranfòse yon dezespwa ki te deja ap gwosi kòmkwa eliminasyon pasifik zam nikleyè sou Preskil Kore a se yon bagay enposib.

Prezidan Trump, ki tap abòde dosye a madi 26 septanm 2017 la, deklare itilizasyon fòs militè tap “devaste Kore di Nò nèt” menmsi se pa “premye chwa li” kòm mwayen pou mete fen nan pwogram nikleyè ak pwogram misil gouvènman Prezidan Kim Jong Un nan kap devlope rapidman nan Kore di Nò.

Prezidan Donald Trump (agoch) .- Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.
Prezidan Donald Trump (agoch) .- Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Lidè ameriken an ak dirijan Kore di Nò a boukante non sèlman menas yon atak militè kifkif si youn atake lòt, men tou yo chak sèvi ak vye pawòl pou youn derespekte lòt. Pa egzanp, Misye Trump di li konsidere lidè nò-koreyen an kòm “yon ti tonton kap jwe ak gwo zam”, tandiske Misye Kim, li menm, rele prezidan ameriken an yon “ti granmoun ki fin entatab”.

Nan kòmansman semèn nan minis afè etranjè nò-koreyen an, Ri Yong Ho, te deklare peyi li ka teste anvan lontan yon bonm idwojèn (B-H) sou Oseyan Pasifik la, yon pwovokasyon ki ta ka pouse Lèzetazini pran aksyon militè pou li anpeche sa fèt.

XS
SM
MD
LG