Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Donald Trump Ranpòte Prezidansyèl 8 Novanm 2016 la


Donald Trump
Donald Trump

Ozetazini, kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Hillary Clinton, rele kandida Pati Repibliken an, Donald Trump, byen ta nannuit madi 8 pou leve mèkredi 9 novnam 2016 la pou l rekonèt li pèdi eleksyon prezidansyel la. Madanm Clinton deklare :

“Mwen espere Donald Trump pral yon prezidan reyisi pou tout sitwayen ameriken. “

Donald Trump ki tap fè diskou viktwa li nan douvanjou jounen mèkredi 9 novanm 2016 la nan katye jeneral Pati Repibliken an nan Manhattan, New York.
Donald Trump ki tap fè diskou viktwa li nan douvanjou jounen mèkredi 9 novanm 2016 la nan katye jeneral Pati Repibliken an nan Manhattan, New York.

Sepandan, Hillary Clinton -ki tap eseye tounen premye fanm ki eli Prezidan Lèzetazini- pale franchman pou l di kijan li desi deske li pèdi eleksyon an. Pandan li tap pale devan yon foul patizan ki te reyini nan vil New York e ki tap bat bravo pou li, li fè konnen:

“Sa fè m mal anpil; e sa pral kontinye fè m mal pandan lantan ankò.”

Hillary Clinton la ajoute:

“Peyi a pi divize pase sa nou te panse; men nou menm, Demokrat, nou dwe resevwa viktwa Trump la ak yon espri ouvè e nou fèt pou nou ba li yon chans pou li dirije peyi a.”

Ansyen Pezidan Bill Clinton (adwat) tap aplodi madanm li, Hillary Clinton, ki te pran lapawòl devan yon foul patizan nan New York nan jounen mèkredi 9 novanm 2016 la. Anvan sa, kandida demokrat la te telefone Donald Trump pou l te aksepte defèt li epi felisite Misye Trump pou viktwa misye ranpòte a.
Ansyen Pezidan Bill Clinton (adwat) tap aplodi madanm li, Hillary Clinton, ki te pran lapawòl devan yon foul patizan nan New York nan jounen mèkredi 9 novanm 2016 la. Anvan sa, kandida demokrat la te telefone Donald Trump pou l te aksepte defèt li epi felisite Misye Trump pou viktwa misye ranpòte a.

Prezidan Barack Obama te mennen kanpay seryezman pou li te ede kandida demokrat la ranpòte eleksyon an; sepandan, pandan li te pran lapawòl mèkredi nan La Mezon Blanch, li pale de Misye Trump pou l di:

“Nou tout dwe mete ansann pou n ede li reyisi nan efò Ii pral deplwaye pou l ini epi dirije nasyon an.”

Misye Obama ajoute malgre gwo mezantant ki te genyen ant 2 kan yo pandan kanpay elektoral la ak gwo divizyon politik ki egziste Ozetazini, “a la fen dè fen nou tout se Ameriken.”

Prezidan Barack Obama ki tap pale de eleksyon prezidansyèl la nan jounen mèkredi 9 novanm 2016 la nan La Mezon Blanch.
Prezidan Barack Obama ki tap pale de eleksyon prezidansyèl la nan jounen mèkredi 9 novanm 2016 la nan La Mezon Blanch.

Misye Obama envite Donald Trump vizite La Mezon Blanch jedi 10 novanm 2016 la pou yo 2 a kapab abòde kesyon tranzisyon pouvwa a ki pral fèt nan dat 20 janvye 2017 la.

Kèk èdtan apre viktwa kandida repibliken an, li pran angajman pou l pa janm bliye klas travayè ameriken an ki te ede li reyalize pi gwo viktwa-sipriz nan tout istwa politik Lèzetazini. Donald Trump ekri sou kont Twitter li pou l di:

“Gason ak Fanm sa yo ke nou te bliye nan sosyete nou an, nou pap janm bliye yo ankò. Nou tout pral mete tèt nou ansanm yon fason nou pat janm fè sa anvan.”

Donald Trump ap tounen sèl prezidan Lèzetazini ki pat janm ranpòte anvan sa yon eleksyon pou yon pòs piblik, ni sèvi nan fòs zame peyi a, ni okipe yon fonksyon wo-plase nan gouvènman an (Eta ou federal). A 70 zan, li pral gen plis laj sou tèt li pase tout lòt nouvo prezidan ameriken lè li va antre nan La Mezon Blanch pou yon manda 4 tran.

Kandida repibliken an ranpòte 279 vwa elektoral alòske li te bezwen 270 pou l genyen eleksyon an; Madan Clinton, li menm, ranpòte 228 gran elektè sou yon total 538. Moun potko konnen venkè a nan kèk Eta lè yo te anonse viktwa Donald Trump la; men sa pa ta pral genyen okenn efè sou rezilta final la.

Nan mitan mwa desanm nan, Kolèj Elektoral la gen pou li reyini pou konfime viktwa Misye Trump la; epi nan dat 20 janvye 2017, li pral prete sèman kòm 45èm prezidan ameriken. Lap ranplase Prezidan Barack Obama ki pase 2 manda nan La Mezon Blanch.

XS
SM
MD
LG