Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Kous la ap Vin Trè Sere Ant Donald Trump ak Hillary Clinton


Donald Trump (agoch) epi Hillary Clinton.
Donald Trump (agoch) epi Hillary Clinton.

Ozetazini, 2 kandida a la prezidans yo, Demokrat Hillary Clinton ak Repibliken Donald Trump, te kontinye ranfòse kanpay yo mèkredi 2 novanm 2016 la mwens ke yon semèn anvan eleksyon an ki gen pou dewoule madi 8 novanm pwochen an. Youn lanse gwo atak sou lòt la kote chak di kandida rival la pa kalifye pou l tounen pwochen prezidan Lèzetazini.

Kandida Pati Repibliken an, Donald Trump, ki tap pale nan yon meeting nan Miami, Eta Florid, nan jounen mèkredi 2 novanm 2016 la.
Kandida Pati Repibliken an, Donald Trump, ki tap pale nan yon meeting nan Miami, Eta Florid, nan jounen mèkredi 2 novanm 2016 la.

Misye Trump, ki tap mennen kanpay nan Eta Florid, di si ameriken yo kite Madan Clinton al okipe La Mezon Blanch, sa tap kreye “yon kriz konstitisyonèl san parèy ki ta ka koute peyi a trè chè, menm nan lavni..." . Depi kòmansman semèn nan, se chak jou Donald Trump ale nan Florid, yon Eta li di li pa kapab pèdi si l vle tounen pwochen prezidan ameriken an.

Kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton, ki tap salye kèk patizan nan vil Lauderhill, Eta Florid, mèkredi 2 novanm 2016 la.
Kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton, ki tap salye kèk patizan nan vil Lauderhill, Eta Florid, mèkredi 2 novanm 2016 la.

Pandansetan Hillary Clinton, ki te fè yon kout-pye rapid nan Florid nan fen jounen madi a, lanse sou Misye Trump yon ti toya kote li deklare, antwòt, kandida repibliken an se yon nèg ki abitye maltrete fanm. Se konsa kanpay Clinton nan atire atansyon elektè yo, yon fwa ankò, sou yon videyo yo te anrejistre nan lane 2005 Donald Trump ap bat lestomak li kòm “yon machoman ki gen dwa manyen medam yo kote li pa dwe manyen yo, e fi yo pap di anyen paske li se yon gwo vedèt televizyon.”

Dènye sondaj yo montre kous la ap vin trè sere nan kèk Eta-kle tankou Florid, Pennsilvani, Michigan ak Arizona.

XS
SM
MD
LG