Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini Bloke Desizyon Biden Pran pou Fòse Anplwaye Gwo Biznis yo Pran Vaksen COVID


Virus Outbreak Vaccine Mandates
Virus Outbreak Vaccine Mandates

Jedi, Kou Siprèm Etazini an te bloke desizyon Prezidan Joe Biden pran kote li te vle fòse tout konpayi ki gen plis pase 100 anplwaye pran vaksen COVID-19 lan.

Yon lòt kote, tribinal la te valide obligasyon vaksinasyon pou anplwaye nan estrikti lasante ki jwenn lajan gouvènman federal la.

Apre plizyè mwa kote Joe Biden tap eseye fòse tout moun pran vaksen an, kote li te mete li obligatwa pou plizyè kategori anplwaye nan peyi a, pami yo moun ki ap travay pou gouvènman an, ak moun ki ap travay nan domèn lasante.

Administrasyon Biden lan "te bay lòd pou yo pran vaksen kont COVID la oswa fè tès kowonaviris la chak semèn, nan kòb pòch yo.

Batay kont pandemi an se yon priyorite pou Biden.

Ozetazini se sèlman 62% nan popilasyon an ki pran vaksen konplè yo akòz divizyon politik ki genyen nan peyi.

XS
SM
MD
LG