Accessibility links

Breaking News

Sanksyon Tou Nèf Lèzetazin kont 2 Gwo Manm Rejim Kore di Nò a


Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un (angwo plan) devan yon foul k ap aplodi li. (Foto: REUTERS/KCNA).
Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un (angwo plan) devan yon foul k ap aplodi li. (Foto: REUTERS/KCNA).
  • Lèzetazini pran desizyon pou l enpoze sanksyon sou 2 gwo otorite nan rejim Kore di Nò a pou wòl yo ta jwe nan pwogram misil balistik Pyongyang nan. Depatmam Trezò ameriken an pibliye yon kominike pou di: "Kim Jong Sik ak Ri Pyoing Chòl se 2 lidè enpòtan nan pwogram zam ilegal nò-koreyen an."
  • Depatman Trezò a sible pwogram misil balistik Pyiongyang nan nan kad kanpay Washington ap mennen pou mete pi gwo presyon posib la sou rejim Kim Jong un ap dirije nan pwyi azyatik la epi izole li, yon fason pou fasilite pwosesis denikleyarizasyon total preskil la.
  • Lokal Depatman Trezò Lèzetazini an nan Washington (Foto: Achiv).
    Lokal Depatman Trezò Lèzetazini an nan Washington (Foto: Achiv).
    Vandredi 22 desanm pase a, tout manm Konsèy Sekirite Nasyon-Zini an san wete youn te apwouve yon rezolisyon pou limite kantite gazolin ak dizèl Kore di Nò kapab enpòte. An menm tan tou l'ONU ranfòse enspeksyon sou bato komèsyal k ap antre oubyen sòti nan Kore di Nò si yo sispèk bato sa yo ap transpòte machandiz ki entèdi.
XS
SM
MD
LG