Senatè Hyppolite Mélius di li espere pwoblèm ki ekziste ant gwoup majoritè ak minoritè nan gran kò a va fin pa jwenn solisyon pou pèmèt seyans yo rekòmanse. Senatè a atire atansyon sou le fèt ke mank kowòm --e pafwa menm yon veritab absanteyism-- lakòz okenn vòt pa ka fèt sou pwojè komisyon yo prepare, sitou komisyon sou afè agrikòl yo ke li konnen trè byen, puiske li se manm komisyon sa a. Mesye Mélius lanse apèl bay kòlèg li yo nan sena a pou l mande yo fè travay pèp la te vote yo pou yo fè a. Yon lòt kote, nan Plato Santral la, pi presizeman nan vil Ench , kandida nan pwochen eleksyon yo òganize manifestasyon dimanch 18 jiyè pou yo pwoteste kont Konsèy Elektoral Pwovizwa a e manda ranplasman tout manm li yo. Yo fè konnen n ap site: "eleksyon lib, onèt e demokratik paka dewoule avèk KEP Gaillot Dorsinvil ap dirije a." Korespondan nou Renan Toussaint nan Pòtoprens, ak Josué Joseph nan Ench ap devlope 2 nouvèl sa yo pou nou.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj vandredi 19 jiyè 2010 la.