Accessibility links

Breaking News

Tranblemanntè ak Sounami Fè Anpil Viktim Nan Endonezi


Daprè nouvèl ki soti nan Endonezi, Prezidan Susilo Bambang Yudhoyono vizite zòn ki suibi dega anba yon tranblemantè ki te frape peyi a tou prè il Soumatra semèn pase a –tranblemanntè ki te pwovoke yon sounami ki touye 343 moun e responsab yo prevwa kantite viktim yo kapab ogmante.

Otorite ki la pou jere dezas fè konnen yo kontinye dekouvri plis kadav sou plaj yon seri zile ki rele Mentawai, sou kòt gwo il Soumatra a.

Sekouris yo ap chache yon afè de 338 moun ki disparèt depi lanm-lanmè –ki te monte rive 3 mèt de wòtè-- te kouvri zile yo lendi 25 oktòb pase a, e yo elimine kèk vilaj totalman.

Yon lòt kote –toujou nan peyi Endonezi--yon vòlkan ki te touye 33 moun e lakoz 40 mil moun kourikitekay yo nan kòmansman semèn sa a, antre ann eripsyon ankò jedi 28 oktòb 2010 la, kote l ap voye sann-dife ak gaz sou vilaj ki alantou l yo.

Inyon Ewòp la pran angajman pou l mete 2 milyon dola ala dispozisyon moun ki soti vivan nan 2 dènye dezas ki frape peyi Endonezi.

XS
SM
MD
LG