"Premye minis deziye ayisyen Bernard Gousse pa menm bezwen prezante devan Palman an" se deklarasyon plizyè manm gwoup GPR (Gwoup Palmantè Pou Renouvo a) fè vandredi nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, paske pou li “nominasyon li pa akseptab”. Men, korespondan nou Clarens Renois di misye Gousse koumanse ap pare dosye l pou’l prezante devan Sena a ki envite’l devan Gran Kò a madi kap vini la a.
NB: Fè yon klik sou ikòn mp3 ki anwo e adwat paj la pou repòtaj Renois a.
Sepandan, se pa tout manm nan Gwoup Palmantè Pou Renouvo ki kanpe sou pozisyon sa a ni apiye rezolisyon GPR pibliye pou fikse pozisyon l sou chwa prezidan Michel Joseph Martelly a. Youn senatè ki kont fason gwoup la ap trete kesyon misye Gousse la, se Melius Hyppolite, reprezantan Depatman Nòwès la, ki di si GPR pat vle jan li di l la Bernard Gousse kòm premye minis deziye, li pat dwe mete non li sou lis twa moun premyeministrab li te seleksyonen e voye bay prezidan Martelly a.
NB: Koute misye Hyppolite nan mikwo Jean Robert Philippe apre repòtaj Clarens Renois a sou ikòn mp3 a.