Prezidan Pelestinyen an, Mahmoud Abbas, ap fè yon toune nan Amerik Latin nan pou l chache apui pou plan li genyen pou l fè l'ONU (Oganizasyon Nasyon Zini) rekonèt yon Eta Palestinyen endepandan.
Dimanch 9 oktòb 2011 la, Misye Abbas rankontre ak Prezidan Mauricio Funes nan peyi Salvadò ki se premye eskal li nan rejyon an. Misye Funes eksprime apui li pou yon Eta Palestinyen souvren e endepandan.
Toune sa a prevwa yon vizit nan peyi Kolonbi kote lidè palestinyen an genyen pou l rankontre ak Prezidan Juan Manuel Santos. Pasaj Misye Abbas nan Bogota a genyen anpil enpòtans, puiske Kolonbi se youn nan 15 manm Konsèy Sekirite l’ONU an.