Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Larisi a nan Peyi Tirki Mouri nan yon Atak

Yon nonm ki kanpe ak yon zam nan men li kap fè jès bò kote yon lòt ki lonje atè a ki ta sanble blese oubyen mouri apre endividi moun pat rive idantifye te louvri kout zam sou anbasadè ris la nan Ankara peyi Tirki, jounen lendi 19 desanm 2016 la.

Nouvèl yo rapòte, Anbasadè ris la nan Ankara Andrei Karlov pèdi lavi li nan yon atak nèg ak zam fè sou li nan kapital peyi Tirki a jounen lendi 19 desanm 2016 la. Yo te kouri lopital ak victim nan, men li pat rive chape.

Anbasadè Larisi a nan Tirki, Andrei Karlov, avan atak la nan jounen lendi 19 desanm 2016 la nan kapitali Tirk la, Ankara. Anabasadè Karlov pedi lavi li apre yon endividi ame te tire souli pandan li tap patisipe nan yon ekspozisyon foto.

Pòtpawòl ministè afè etranjè ris la Maria Zakharova konfime nouvèl lanmò anbasadè Karlov. Daprè pòtpawòl la, anbasadè a mouri anba blesi li te resevwa nan atak la.

Pandan yon rankont an piblik ki tap fèt nan Ankara, yon endividi moun pa rive idantifye te louvre kout zam e anbasadè a resevwa yon bal.

Atak la te fèt pandan anbasadè Karlov tap patisipe nan yon ekspozisyon foto ke anbasad Larisi nan Tirki finanse e ki rele, “ Kouman Larisi wè Tirki.”

Genyen chèn televizyon nan Tirki ki fè konnen lapolis tire e touye asayan an.

XS
SM
MD
LG