Gwoup eta islamik la pran responsabilite pou atak sa a, jodi lendi 2 janvyw a. Gwoup la fè konnen se yon sòlda kalifa a ki egzekite fiziyad la. Atak la te tanmen byen bonè dimanch maten, lè yon eleman ame te ouvè kout zam sou yon polisye ak yon sivil devan bwat de nui an anvan li te pote boure andedan an e kòmanse tire san gade dèyè.
Te genyen anviwon 600 moun nan nay klèb la nan moman an, e kèk ladan yo te sote nan detwa Bosfòr la, yon fason pou chape anba fiziyad la.