Accessibility links

Breaking News

Amnisti Entènasyonal Kalifye Arestasyon Dirijan li yo nan Tirki Kòm yon “Chas O Sòsyè”


Moun ki kanpe devan tribinal Istanbul la nan Tirki, kote 6 militan Amnisti Entènasyonal yo prezante pou reponn devan yon jij sou akizasyon yo repwoche yo, 17 jiyè 2017.
Moun ki kanpe devan tribinal Istanbul la nan Tirki, kote 6 militan Amnisti Entènasyonal yo prezante pou reponn devan yon jij sou akizasyon yo repwoche yo, 17 jiyè 2017.

Yon tribinal nan peyi Tirki deklare, madi 18 jiyè 2017 la, ke 6 militan kap defann dwa moun, pami yo direktè Amnisti Entènatyonal la nan, dwe jwenn arestasyon yo ofisyèlman apre yo fin pase plizyè semen anba kòd poutèt yo ta ede yon gwoup teworis.

Li pa klè ki gwoup militan otorite yo sispèk dirijan òganizasyon dwa moun nan tap ede.

Bò kote pal, Amnisti Entènatyonal kondane desizyon an, ke li kalifye kòm “yon nivo ba Tirki pat ko janm konnen nan deklanche koukouwouj dèyè moun apre kou deta a,” e li konsidere sa kòm yon “chasse aux sorcières” ou "Chas O Sòsyè” ki gen motif politik dèyè l.

Prevni yo se Direktè Amnisti a, Idil Eser, Ilknur Utsun nan Koalisyon Fanm ak lòt ankò ki te jwenn arestasyon yo 5 jen 2017 pase a.

XS
SM
MD
LG