Accessibility links

Breaking News

Prezidan Tirki ak Larisi Chita Pale nan Kad Efò pou Redui Tansyon ant Lame 2 Peyi yo nan Idlib


Prezidan ris la, Vladimir Putin, ak tokay tirk li Recep Tayyip Erdogan. (Mikhail Klimentyev, Sputnik, Kremlin Pool Photo via AP).
Prezidan ris la, Vladimir Putin, ak tokay tirk li Recep Tayyip Erdogan. (Mikhail Klimentyev, Sputnik, Kremlin Pool Photo via AP).

Lidè peyi Tirki Recep Tayyip Erdogan ak Prezidan Larisi Vladimir Putin te fè yon chita-koze ki te enpòtan anpil jedi 5 mas 2020 an nan Moskou nan yon efò pou kalme tansyon ant lame Tirki, ki se yon manm l OTAN, ak Larisi, yon sipè-pwisans nikleyè ki sou teren an nan pwovens Idlib nan peyi Siri ke lagè fin ravaje.

Pandan ke yo prezante tèt yo kòm se patnè nan lit kont teworis nan rejyon an, Moskou ak Ankara te vin nan yon kolizyon ke yo sanble pa-p ka evite nan Idlib – teritwa nan nòdès Siri kote Larisi ap ede alye li, Prezidan Siri a Bashar al-Assad, elimine youn nan dènye pòsyon kote opozisyon kont rejim li a pran pozisyon.

XS
SM
MD
LG