Accessibility links

Breaking News

Tinizi: Lajistis Konvoke Chèf Palman an ak 18 Lòt politisyen

Rached Ghannouchi, leader of Tunisia's moderate Islamist Ennahda party, attends the parliament's opening with a session to elect a speaker, in Tunis, Tunisia November 13, 2019. REUTERS/Zoubeir Souissi

Dapre sa medya lokal yo rapòte, lajistis nan peyi Tinizi deside jije 19 politisyen, ki gen ladan Chèf Palman Rached Ghannouchi, ak ansyen prezidan Moncef Marzouki pou krim elektoral.

Politisyen sa yo pral oblije parèt devan Tribinal Koreksyonèl 19 janvye, daprè yon kominike pou laprès tribinal premye enstans Tinizi te fè.

AFP te kontakte biwo Zeineb Brahmi, e li te di ke yo pa te voye okenn manda bay Mesye Ghannouchi.

Nan lis sa ke medya yo rapòte gen ladann plizyè ansyen kandida prezidansyèl, ansyen Premye Minis Elyes Fakhfakh, Mahdi Jomaa ak Youssef Chahed, ansanm ak biznisman Nabil Karoui, ki se on rival Kais Saied pandan eleksyon prezidansyèl yo nan fen ane 2019 la.

Plizyè opozan denonse yon enstrimantalizasyon jistis misye Saied ki se prezidan peyi a konye a nan kad yon "regleman politik ."

XS
SM
MD
LG