Accessibility links

Breaking News

315 Timoun Ayisyen Pran Refij nan yon Lekòl Akòz Zak Vyolans Gang yo


Timoun domi ate nan yon lekol ki konveti nan abri apre yo te oblije kouri kite kay yo nan Cite Soleil akoz batay ant gang rival yo nan Potoprens, Samdi 23 Jiye, 2022.
Timoun domi ate nan yon lekol ki konveti nan abri apre yo te oblije kouri kite kay yo nan Cite Soleil akoz batay ant gang rival yo nan Potoprens, Samdi 23 Jiye, 2022.

Plizyè santèn timoun ak granmoun pran refij nan yon lise nan Pòtoprens apre yo kouri kite kay yo nan yon katye kote 2 gang rival ap goumen. Plizyè douzèn moun pèdi lavi yo e kay yo kraze nan batay sa yo.

Yon responsab kominote relije Kizito di Associated Press Samdi ke 315 moun kouri kite Cite Soleil e yo vin pran refij nan lekòl Saint-Louis de Gonzague la.

Lekòl lage pou sezon ete a e klas yo konvèti nan dòrtwa kote tinedjè, timoun ak timoun piti ap dòmi sou matla gwoup charite a ba yo.

Gen kèk granmoun kap dòmi atè san matla.

Responsab la di gen anpil nan timoun ki pran refij nan lekòl la, ki vini san paran yo.

XS
SM
MD
LG