Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an Vle Jwenn Moun Ki Responsab Atak Sible sou Diplomat Etazini yo nan Kiba


Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson
Sekretè Deta Ameriken an, Rex Tillerson

Sekretè deta ameriken an Rex Tillerson ap mete sou pye yon komite pou fè limyè sou responsabilite moun ki ta mele nan atak sou sante 24 diplomat ameriken ki te an pòs nan Kiba. Se sa Depatman Deta anonse jou madi 9 janvye 2018 la.

Pandan yon seyans depozisyon ki dewoule sou atak la nan Kongrè a, senatè Demokrat tankou Repibliken pat mete dlo nan bouch yo pou yo kritike ofisyèl Depatman Deta yo pou yon reyaksyon maladwat e innapwopriye devan sa msye Tillerson rele "yon seri de atak sible."

Ensidan sa yo te lakoz diplomat ameriken yo ak lòt anplwaye ameriken ki te nan La Avàn, soufri maladi tankou "yo te vin soud, yo te santi yo gaga, yo te gen maltèt ak fatig.

Kiba di li pa gen anyen pou wè ak sitiyasyon sa a. Apre ensidan yo, Lèzetazini te raple anpil nan anplwaye anbasad la ki pa esansyèl ak tout manm fanmi yo, epi Depatman Deta a te mande 15 diplomat Kiben kite Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG