Accessibility links

Breaking News

Tiki: Kantite Mò Tranblemanntè Dimanch la Koze Monte rive 459


Tiki: Kantite Mò Tranblemanntè Dimanch la Koze Monte rive 459
Tiki: Kantite Mò Tranblemanntè Dimanch la Koze Monte rive 459

Nan Tiki, nouvo chif pou kantite moun ki mouri nan tranblemanntè ki te frape pati sidès peyi a dimanch 23 oktòb la, monte rive 459. Otorite yo atann yo aske kantite sa a kontinye ogmante, pandan plizyè santèn moun --si se pa plizyè milye rete bloke anba debri kay ak gwo bilding ki kraze. Nouvèl yo di plizyè milye moun pa gen kay pou yo rete.

Madi, sekouris ki te kontinye chache moun ki ta vivan toujou, te rive sove yon ti bebe --ki te fèt sa gen 2 semèn sèlman-- ak manman n anba debri yon kay kraze. Manman ak pitit te rete kwense anba debri yo pandan 48 tè aprè soukous la te lage yon afè de 2 mil bilding atè. Responsab yo mete tou lè 2 nan avyon pou transfere yo nan capital la, Ankara.

Manm yon ekip medikal deklare:

“Ti bebe a genyen 14 jou sèlman. Manman n te ba li tete pandan 2 jou anba debri yo. Konsa, bebe a twouve l nan yon kondisyon estab. Lap dòmi nan moman map pale la a.”

Anviwon 90 peyi ofri Tiki asistans yo. Pou kòmanse, otorite yo te aksepte èd sèlman nan men Iran ak Azerbajan, 2 peyi ki genyen fwontyè ak rejyon kote tranblemanntè a frape a e kote moun yo ap tann asistans tankou tant, paske yo pa gen kote pou yo rete. Youn nan abitan vilaj Erics -kote soukous la fè plis dega- eksplike demach li te fè pou l jwenn yon tant. Se yon pwofesè lekòl ki rele Mehmet Zeki.

Pwofesè Zeki deklare:

“Sa a se yon dokiman ki ta dwe ede m jwenn yon tant. Sa fè 3 jou depi dokiman an nan men. Eske w ka kwè sa? Se sou 3èm jou a mwen pral jwenn yon tant. Mwen panse gouvènman an te kapab aji pi vit ke sa."

Federasyon Kwa Wouj Entènasyonal fè konnen branch li genyen nan Tiki ap travay pou l pote sekou bay moun ki sòti vivan nan tanblemanntè a e kontinye chache sila yo ki rete bloke toujou anba debri yo.

XS
SM
MD
LG