Accessibility links

Breaking News

Texas ap Kontinye Enspekte Kamyon yo Malgre Anbouteyaj


Lapolis fe patwouy sou pon entenasyonal Zaragoza-Ysleta a ki sitye sou frontye Meksik pataje ak Etazini, pandan kamyon yo ap tann pou yo travese Ozetazini, 13 Avril 2022.
Lapolis fe patwouy sou pon entenasyonal Zaragoza-Ysleta a ki sitye sou frontye Meksik pataje ak Etazini, pandan kamyon yo ap tann pou yo travese Ozetazini, 13 Avril 2022.

Gouvènè eta Texas la Greg Abbott deklare li pral kontinye enspekte kamyon yo malgre gwo anbouteyaj sa koze sou frontyè Etazini pataje ak Meksik la depi plizyè jou.

Gouvènè Repibliken an ki nan dezyèm mande li deklare Mèkredi li pap ranvèse nouvo politik ki ann aplikasyon nan tout pon eta a toutotan li pa is e sèten zon nan sekirize.

Abbott te leve enspeksyon yo nan yon pon entènasyonal apre li te anonse sa li dekri tankou yon "antant pou plis sekirite" ke li resevwa nan men vil Nuevo Leon nan peyi Meksik.

Blokis pi dramatik kamyon komèsyal yo montre yo aliyen nan tout longè frontyè a, nan lot vil kote ki gen pon ki pa pataje yon frontyè ak Nuevo Leon.

XS
SM
MD
LG