Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Defann Ogmantasyon Tarif yo sou Asye ak Aliminyòm

Prezidan Donald Trump ki t ap pale nan yon rankont avèk with steel and aluminum executives nan Sal Kabinè La Mezon Blanch la, jedi premye mas 2018, nan Washington. De goch a dwat: Roger Newport (AK Steel), John Ferriola (Nucor), Prezidan Trump, Dave Burritt (U.S. Steel Corporation) avèk Tim Timkin (Timken Steel). Foto: AP Photo/Evan Vucci.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki pale vandredi 2 mas 2018 la, defann desizyon administrasyon li a pran pou l ogmante tarif dwanye sou pwodui asye ak aluminyon k ap antre Ozetazini paske, dapre li, sa kapab pote gwo benefis pou peyi a.

Ogmantasyon tarif Prezidan Trump te anonse jedi premye mas la bay anpil kè-sote paske obsèvatè yo pè pou sa pa pwovoke yon gè komèsyal nan moman tarif yo pi ba nan peyi emèjan yo epi kèk gwo patnè komèsyal Lèzetazini di yo pral reponn kif-kif si Washington aplike desizyon sa a.

XS
SM
MD
LG