Accessibility links

Breaking News

Taliban an Pran yon Responsablite Total pou Atak ki Fèt sou Enterè Lèzetazini nan Afganistan


Taliban an Pran yon Responsablite Total pou Atak ki Fèt sou Enterè Lèzetazini nan Afganistan
Taliban an Pran yon Responsablite Total pou Atak ki Fèt sou Enterè Lèzetazini nan Afganistan

Mouvman Taliban an fè konnen se li menm –e non pa gouvènman Pakistanè a-- k ap dirije rezo Haqqini an ki, daprè otorite ameriken yo, responsab anpil atak ki vize sitwayen ameriken ak enterè Lèzetazini nan Afganistan.

Mouvman Taliban an fè deklarasyon sa a aprè Lèzetazini te lye sèvis espyonaj pakistanè a ak atak sa yo.

Deklarasyon an parèt sou sit-entènèt Taliban an kote moun kapab li:

« Tout aktivite rebèl ki dewoule yo se inisyativ nou e se aksyon ke nou menm, nou poze. »

Deklarasyon an fini pa di pa genyen oken rapò ant rezo Haqqini an avèk ISI, ki se sèvis espyonaj Pakistanè a.

XS
SM
MD
LG