Accessibility links

Breaking News

Ann Afganistan: Gwoup Taliban an Kontinye Fè Anpil Dega Epi Pran Plis Teritwa Anba Kontwòl li


Pakèt sèkèy ki gen kadav plizyè sòlda Lame Nasyonal Afganistan an (ANA) 22 avril 2017.
Pakèt sèkèy ki gen kadav plizyè sòlda Lame Nasyonal Afganistan an (ANA) 22 avril 2017.

Rebelyon ki gen Taliban nan tèt li nan Afganistan kontinye fè anpil dega sou fòs gouvènman yo e pran plis teritwa anba kontwòl li oubyen anba enfliyans li, dapre sa yon ajans gouvènman an fè konnen nan dat 1e me 2017 la.

Evalyasyon, ke Enspektè Jeneral pou Rekonstriksyon Afganistan an ki gen ti non SIGAR fè chak trimès, vini apre atak Taliban an 19 Avril pase a sou yon gwo baz militè nan vil Mazar-i-Sharif. Ofansiv la touye plis pase 140 solda Afganistan, malgre plizyè sous endepandan rapòte yon bilan pi lou anpil toujou.

Rapò SIGAR la fèt menm lè ak sa ke Taliban yo rele "ofansiv prentan" an. Rebèl yo pran yon distri nan nòdès Afganistan pandan wikenn nan e yo menase pou yo pran lòt toujou nan peyi a.

XS
SM
MD
LG