Accessibility links

Breaking News

Taleban Pemet Ameriken ak Sitwayen Oksidantal Kite Afghanistan Nan Avyon


Konbatan Taleban mache bo kote yon avyon Qatar Airways nan ayewopo entenasyonal Kaboul la, 9 Sept. 2021.
Konbatan Taleban mache bo kote yon avyon Qatar Airways nan ayewopo entenasyonal Kaboul la, 9 Sept. 2021.

Otorite Taleban yo pemet yon avyon chatre peyi Qatar kite ayeropo Kaboul la Jedi pou al Doha. Se premye vol evakyasyon ki fet depi Etazuni te mete fen nan operasyon milite li nan peyi Afghanistan 31 Out pase a.

"Jodia gouvenman Etazuni fasilite depa sitwayen Ameriken ak rezidan pemanan peyi a abo yon avyon Qatar Airways ki dekole nan ayeropo entenasyonal Hamid Karzai la. Nou ka konfime vol sa a ateri sen e sof nan Qatar," pot pawol Konsey Nasyonal Sekirite a fe konnen nan yon deklrasyon. "Taleban an kowopere avek nou pou fasilite depa sitwayen Ameriken yo ak moun ki gen rezidans legal Ozetazun."

Madan Horne ajoute "Etazuni pral kontinye jefo sa yo pou fasilite retou sen-e-sof sitwayen Ameriken ak rezidan legal Etazuni epitou Afghan ki te travay pou nou e ki vle kite Afghanistan."

Ni Reuters, ni AFP rapote ke vol la te gen abo li 113 pasaje, pami yo 43 Kanadyen, ak 13 moun la Oland, dapre ministe afe etranje peyi sa yo.

Jounalis Ayaz Gul nan Islamabad ak korespondan VOA nan Mezon Blanch, Patsy Widakuswara ekri vesyon orijinal depech sa a.

XS
SM
MD
LG